CHOUCOUNE
(Paroles: Oswald Durand; Musique: Mauleart Monton )
1. Dèyè yon gwo touf pengwen
Lòt jou mwen kontre Choukoun
Li souri lè li wè mwen
Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!"
Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!"
Li di: "Ou trouve sa chè?"
Ti zwezo nan bwa ki tape koute
Ti zwezo nan bwa ki tape koute
Kon mwen sonje sa
Mwen genyen lapenn
Ka depi jou sa
De pye mwen nan chenn
Kon mwen sonje sa
Mwen genyen lapenn
De pye mwen nan chenn
2. Choukoun se yon marabou
Je li klere kou chandèl
Li genyen tete debou
A si Choukoun te fidèl
A si Choukoun te fidèl
Nou rete koze lontan
Jis zwezo nan bwa te parèt kontan
Jis zwezo nan bwa te parèt kontan
Pito bliye sa
Se twò gran lapenn
Ka depi jou sa
De pye mwen nan chenn
Pito bliye sa
Se twò gran lapenn
De pye mwen nan chenn
3. Ti dan Choukoun blan kou lèt
Bouch li koulè kayamit
Li pa gwo fanm, li gwosèt
Fanm konsa plè mwen touswit
Fanm konsa plè mwen touswit
Tan pase pa tan jodi!
Zwezo te tande tout sa li te di
Zwezo te tande tout sa li te di
Si ou sonje sa
Yo dwe nan lapenn
Ka depi jou sa
De pye mwen na chenn
Si ou sonje sa
Yo dwe nan lapenn
De pye mwen na chenn
4. Nale lakay manman li
Yon granmoun ki byen onèt
Sito li wè mwen li di:
"A mwen kontan sila nèt"
"A mwen kontan sila nèt"
Nou bwè chokola nwa
Eske tout sa fini, ti zwezo nan bwa
Eske tout sa fini, ti zwezo nan bwa
Pito bliye sa
Se two gran lapenn
Ka depi jou-sa
De pye-mwen nan chenn
Pito bliye sa
Se two gran lapenn
De pye-mwen nan chenn
5. Yon ti blan vini rive
Ti bab wouj, bèl figi wòz
Mont sou kote, bèl chive
Malè mwen, li ki lakòz
Malè mwen, li ki lakòz
Li trouve Choukoun joli
Li pale Franse, Choukoun renmen li
Li pale Franse, Choukoun renmen li
Pito bliye sa
Se two gran lapenn
Choukoun kite mwen
De pye mwen nan chenn
Pito bliye sa
Se two gran lapenn
De pye mwen nan chenn
Note: This is the song from which "Yellow Bird" was taken. RG
@Creole
filename[ CHOUCOUN
RG
oct00
mudcat.org
PLEASE NOTE: Because of the volunteer nature of The Digital Tradition, it is difficult to ensure proper attribution and copyright information for every song included. Please assume that any song which lists a composer is copyrighted ©. You MUST aquire proper license before using these songs for ANY commercial purpose. If you have any additional information or corrections to the credit or copyright information included, please e-mail those additions or corrections to us (along with the song title as indexed) so that we can update the database as soon as possible. Thank You.