The Mudcat Café TM
Thread #10236 Message #1924522
Posted By: Jim Dixon
02-Jan-07 - 12:34 AM
Thread Name: Lyr ADD: Choucoune
Subject: Lyr Add: CHOUKOUN / CHOUCOUNE (Haitian Creole)
CHOUCOUNE is now in the DT but I don't think the accents display correctly. Hopefully they will in this version.
Copied from here. The lyrics are in Haitian Creole.
CHOUKOUN
Words, Oswald Durand; Music, Michel Mauleart Monton; 1883.
[After each chorus, repeat lines 2, 3, and 5 of the same chorus. For the first verse, this would be: "kon mwen sonje sa, mwen genyen lapenn, de pye-mwen nan chenn".]
1. Dèyè yon gwo touf pengwen [pinguin bush]
Lòt jou mwen kontre Choukoun
Li souri lè li wè mwen
Mwen di: "Syèl, ala bèl moun!" (x2)
Li di: "Ou trouve sa chè?"
CHORUS: Ti zwezo nan bwa ki t' ape koute (x2)
Kon mwen sonje sa
Mwen genyen lapenn
Ka depi jou-sa
De pye mwen nan chenn
2. Choukoun se yon marabou
Jè li klere kou chandèl
Li genyen tete debou
A si Choukoun te fidèl (x2)
Nou rete koze lontan
Jis zwezo nan bwa te parèt kontan (x2)
Pito bliye sa
Se twò gran lapenn
Ka depi jou-sa
De pye mwen nan chenn
3. Ti-dan Choukoun blan kou lèt
Bouch-li koulè kayamit
Li pa gwo fanm, li gwosèt
Fanm konsa plè mwen touswit (x2)
Tan pase pa tan jodi!
Zwezo te tande tout sa li te di (x2)
Si ou sonje sa
Yo dwe nan lapenn
Ka depi jou-sa
De pye mwen na chenn
4. N' ale lakay manman-li
Yon granmoun ki byen onèt
Sito li wè mwen li di:
"A mwen kontan sila-a nèt" (x2)
Nou bwè chokola nwa
Eske tout sa fini, ti-zwezo nan bwa (x2)
Pito bliye sa
Se two gran lapenn
Ka depi jou-sa
De pye-mwen nan chenn
5. Yon ti blan vini rive
Ti bab wouj, bèl figi wòz
Mont sou kote, bèl chive
Malè-mwen, li ki lakÚz (x2)
Li trouve Choukoun joli
Li pale Fwanse, Choukoun renmen li (x2)
Pito bliye sa
Se two gran lapenn
Choukoun kite mwen
De pye-mwen nan chen